Partly Cloudy

30°C

Port-au-Prine, Haiti

Partly Cloudy

Humidity: 66%

Wind: 24.14 km/h

  • Clear
    24 Mar 2016 32°C 23°C
  • Mostly Sunny
    25 Mar 2016 32°C 23°C
Connexion
Mis à jour le 8.03.2017 à 02:42

Michel Joseph Martelly (alias «Sweet Micky»): Kominike Pou Laprès

  • Written by Michel Joseph Martelly
  • Published in Haiti

CPBCMM :#017 [14 Desanm 2010 /Pou difizyon  imedyat]

Pèp ayisyen,

Avan m kòmanse, kite m di jan avanyè douz desanm, mwen te gen you panse espesyal e mwen sonje tout fanmi ki te pèdi fanmi yo, jou ki te douz janvye an, jou peyi d Ayiti te pèdi pitit li nan trambleman tè nou konnen an, tout moun ki pèdi mari yo, pitit yo, paran yo, zanmi yo, mwen sonje nou, mwen bese byen ba devan nou.

Pèp ayisyen, pèp pa m nan, sa fè lontan mwen pa fè yon ti koze ak nou men jodiya avan mwen vin rakonte nou jan bagay yo ye,  avan mwen kòmanse, mwen tou pran okazyon pou mwen di mèsi ak tout moun ki te akonpaye nou devan pòt chanjman an (chomè yo, bredjen yo, jenès la, inivèsitè yo, peyizan yo, ti komèsan yo, tout machann yo, taksi moto yo, chofè taksi yo, lelit konsekan an, profesyonèl yo, atis yo, atizan yo, rasta yo, profesè lekòl yo, protestan yo, katolik yo, vodouyizan yo, tout lòt relijion yo, andikape yo, polisye yo, fanm vanyan yo, ak tout tèt kale yo…).

Se konsa, madi ki te 7 desanm, lè yo pase demokrasi anba pye, lè yo pibliye rezilta tout peyi dimonn konteste avèk nou an, mwen te santi m kontan  anpil lè nou tout te fè yon sèl pou nou frape pye nou atè pou nou di «non» ak rezilta malatchong K.E.P a pibliye a. Sòti nan pwent Tibiwon rive nan tèt Pòdepè,  tout moun di: «sa a p ap pase». Ala yon bèl egzanp tèt ansanm nou rann omaj ak anblèm ki anba drapo nou. Men se pa nou sèlman ki te rele, m ap di peyi ki se zanmi Ayiti yo, mèsi dèske yo chwazi pou yo kore vwa pèp ayisyen lè yo pwoteste kont rezilta de grenn gòch la, C.N.O, Ambassad peyi zanmi yo, R.N.D.D.H, Fowòm Ekonomik Sektè prive a, elatriye, tout moun di se pa posib.

Epi jodiya y ap envite m vin rekonte alòske yo pa t janm byen konte. Yo fè komisyon ak menm yo menm lan. Yo pare tout pièj pou yo tou elimine nou nèt. Yo bat tanbou yo, yo vle danse l, epi yo vle nou vale yon bagay ke yo menm yo fè; yo vle rann nou responsab de magouy ke yo fè, de fo rezilta ke yo bay. Ala traka papa! Se sa yo rele demokrasi a? Sa se la raj!
 
Mwen bese byen ba devan tout moun ki sibi pandan tout jou sa yo (sa ki mouri, sa ki lopital, sa ki pèdi zafè yo, sa pa nòmal). Nou gentan viktim pou n ap sibi toujou; kè m fè m mal pou nou.

Zòt sezi anpil. Nou te di yo atansyon. Yo te pare kou yo; yo te di l ap pase; yo wè pèp la di «PA GEN SA PYÈS!». Sa yo pa konprann, se pa revandikasyon k ap fèt pou Michel Joseph Martelly, sèlman. Revandikasyon sa a pi gran pase m; se revandikasyon pou dwa granmoun nou, se revendikasyon ak konviksyon nou, se revandikasyon ki pèmèt ke jodiya yon ti koukouy klere nan kokenn chèn fènwa ki vlope peyi a, revendikasyon pou yo respekte vot nou. Nou chwazi m pou m pote revandikasyon sa a. M ap di nou mèsi e m fè sèman ke m ap pote l, e mwen p ap trayi nou. Goumen an fèk kòmanse; nou p ap bese ba.

Nou menm pèp nan Sid ke lanmò pa epanye, nou menm pèp nan Lwès ki te kwè nan chanjman, nou menm pèp Latibonit ki pa manje anyen ki frèt, nou menm pèp nan Nò, pèp nan Nòdwès, Nòdès ak Plato Santral, nou ki konn kase chèn, pèp Grandans, Nip, ak Sidès, jèn gason ak jèn fanm Pòdepè, wi konpliman pou nou tout!

Jodiya se devan n, se devan tribinal pan n lan, tribinal kote bagay yo klè, ke m vin plede… Wi nou soufri twòp, e se poutèt sa ke mwen menm, Michel Joseph Martelly, vwa chanjman an, mwen chwazi pou m bay peyi m yon lòt chans, pou san sispann koule, pou kraze brize sispann, pou pyebwa boujounen, pou timoun al lekòl, pou komèsan kontinye travay, pou gen envestisè nan peyi a, pou n sispann naje pou n soti. Wi nou soufri twòp! Yo fin mete peyi a nan tchouboum, epi yo vle fè viktim responsab zak atoufè yo. Ala traka papa!

Mwen panse ke 28 novanm magouy yo fèt kont tout moun, non sèlman kont pèp ayisyen an tout antye men kont mwen menm, kont Céant, kont Maniga, kont Garaudy, Bijou, Wilson Jeudy, Alexis, Baker tout kandida ki te nan eleksyon an, tout moun rele anmwey, tout kominote entènasyonal la di bare, tout òganizasyon nasyonal di se pa posib,  e pèp ayisyen an rele anmwey nan tout peyi a.

Alò devan tribinal pa n lan, nan kad yon konpwomi politik men sa m ap pwopoze:

  1. Kòm tout moun te sibi, kòm magouy te fèt kont tout moun, ke yo òganize dezyèm tou 16 Janvye 2011 ak tout kandida yo. Kote  moun ki devan an tou genyen anba sipèvizyon òganis endepandan nasyonal ak entènasyonal.
     
  2. Sa p ap ka fèt si yo pa pase yon bon men nan tout kò konsèy elektoral pwovizwa a, fòk gen revokasyon, fòk gen chanjman, paske yo pa fè moun sa yo konfyans ankò; fòk yo mete lòt moun ki pa nan paspouki, ki p ap vann vòt pèp la, ki p ap vann konsyans yo. Se konsa, se konsa sèlman ke mwen kwè ke bagay yo ap ka reprann, ke konfyans ap ka retabli, ke peyi a ap ka reprann konfyans nan prosesis elektoral la, si sa pa fèt, mwen pa kwè ke moun k ap soti nan pwochen eleksyon an ap gen lejitimite ak respè popilasyon an ni kominote entènasyonal la.

Nan vrè demokrasi, chak grenn vòt konte paske nan yon peyi chak grenn moun se moun, e tout moun se moun. Yo rele sa yon ti moral. Mwen te rete ouvè ak tout lòt pwopozisyon paske se enterè Ayiti ki konte, se kriz la ki pou rezoud. M ankouraje tout lòt inisyativ nan menm sans lan. M aprann ke otorite moral ak relijyez peyi a a fè konsiltasyon sou kriz la. Mwen sipòte yo, e mwen ankouraje yo.

Mwen te pwomèt nou mwen t ap met tout moun klè. Jodiya tout moun aklè.  N a wè sa k bon, n a konnen sa k pa bon. Nou wè kilès k ap defann enterè peyi a. Nou konn sa k ap defann enterè pa yo. Twòp kòb gentan depanse nan eleksyon sa a, kòb ki ta kab sèvi pou soulaje mizè pèp la, kòb ki ta kab sèvi pou kwape kolera, kòb ki ta kab sèvi pou moun sispann viv tankou bèt. Nou pa kab kontinye gaspiye. Alò annou gade kijan nou ka fe bagay yo vanse. Mwen kwè solisyon sa a ka rezoud kriz la. Rete veye, rete mobilize, nan lapè, disiplin ak lòd. Mèsi anpil men pa lage! Pèp pa konn pèdi batay, sitou lè y ap toupizi li, lè y ap fè l enjistis. Mèsi, mèsi ampil!

Michel Joseph Martelly (Lidè nou tèt kale, Repons Peyizan / Pòtoprens, 14 Desanm 2010).

 

Media

Last modified onlundi, 21 décembre 2015 11:35