Guerby Dujour ekri yon let tou louvri pou Evens Paul KPlim
- Written by Guerby Dujour
- Published in International

Mwen gen lone antan ke sitwayen Ayisyen pou'm voye let saa ba ou nan moman peyi Dayiti ap travese yon sitiyasyon politik ki bay plis vant fe mal ak gwo ke sote.
Pandan Evans Paul lanse operasyon depoze, minis Jistis di moun pa mache ak zam !! Ti mesye nou ka dim sann vle fè ?
— Samuel Simonis (@SamuelSimonis) June 10, 2016
tout moun sonje ou te gen yon bel slogan: Peyi anvan pouvwa. Yon slogan ki se mak fabrik KID, yon pati politik ou mete kanpe. Mwen regret pou'm konstate ou change slogan saa an pouvwa anvan peyi. Pouvwa nan nenpot ki kondisyon. Mwen konstate ou vi'n pran gou pouvwa. Menm gen enpresyon ou wel pi dous pase siro kann.
RT @HaitianBloggers: Evans Paul, à la tête de sa cohorte de zombis, programme une descente le 14 juin à minuit ... https://t.co/MSgmBed4ol
— Alice Backer (@kiskeacity) June 13, 2016
Aye ou tap rele bare vole lajan leta. Jodia se ou kap bare lajistis poul pa mare vole. Ou fe anpil moun sezi. Ou mete dlo nan je anpil moun ki te kwe nan ou. San konte fanmi anpil militan ou lakoz ki nan simitye jodia.
@RenaldLuberice All Tèt Kale are dangerously stupid & ignorant. No Exception! @boukman2004 @DadyChery @Ezilidanto pic.twitter.com/W6YzSK9jpA
— Max Baker (@maxb_1) June 12, 2016
Hum.... Le Général #ProsperAvril avait vu loin... En kplume, il avait vu un #charlatan, un voyou, un entrepreneur politique... #Haïti
— Chantal M. Elie (@chantalmelie) June 11, 2016
Preske chak 15 an Kplim ap kraze brize nan Peyi a. Akoz Kplim Ayiti Anba okipasyon blan 2 fwa nan mwens Ke 10 an. Akoz li nou gen kolera.
— Sir Monestime, JD (@SirMonestime) June 13, 2016
#Kplim bezwen monte gouvenman transition pal pou li ka fini piye peyi a, se sak fe li ap batay pou #privert ale..!!
— Get to know me (@Mike_le_sage) June 13, 2016
Depi lontan ou lague lit pou chanjman an. Anba anba wap sevi ak moun nan Kid Pou fe kob, chache avantaj lajan Pou ou ak fanmiw. Ou eseye fe wout Kochi depi sou 1 er manda Preval. Kom li Pat bow kote Pou pase ou goumen ak li ak pe Aristide Tet kale.
Eskew ka explike orijin ko asasinay ki te fet sou Jean Ronald Joseph swadizan yo tap eseye vole bous li nan ri kapwa tou pre lokal ONA a nan dat 1 Dawout 2010?
Nan 2e manda Preval la ou fe Nonmen madanm ou (Maguy Durce) nan ministe komes. Ou te fe menm bagay la an 1990 Lew te fe Nonmen 1er madanm ou Irene Ridore nan meri potoprens. Kou Preval revoke madanm ou, ou pase nan opozisyon.

Tout moun te sezi we se ou menm ki gen ke Pou vi'n antre nan abyans Tet kale-bandi legal. Apre Lamothe te fose kite sa, ou Ede Michel Martelly menm Jan ak Lamothe dechepiye kes leta. Ou patisipe San gade deye nan devore lajan leta.
Se pa kounye a wap bay move kou. An 1980 ou te gen Kat rechech kriminel pou te ka chache manje. Alyans ou ak PHTK+Guy Phillipe assassen se rezilta peye chango paske ou tap manje lajan chango. Ki donk ou dwe rete ak yo.
Premye lajan Tet kale debloke Pou ou se160 mil dola vet pouw te ka achete rechanye- kostume diandian. Le saw deklare Tet kale pi konn sevi ke Lavalas. Lajan saa te batize "Frais de representation".
Paske ou gen repitasyon dechouke ou anonse yon mouvman kraze brize Pou mache pran Privert menm Jan ak 2004. Mwen plis kwe ou vle fe moun pe Pou lajistis pa mache sou ou ak PHTK -Tet kale. Paske sa wap Fri a se ou sel ki pran sant li.
Li tap pi bon Pou ou siw te bat ba. Paske blan yo pap ka pwotejew douvan kole pep Ayisyen ki voyew jete depi lontan Pou movez konduit ak dwet longue siperye ak kout kouto nan do.
Ki kotew te ye le deriv Tet kale yo? Pou kisa se kounye a ou we deriv. Li kle ou pa tap janm denonse yo paske Michel Martelly te pare pou mete dosye ONA a deyo. Konsa ou te blije metew piti jouk li relew vin edel dechepiye kes leta kom bon Jan aksyone-dechouke. Li kle ou pat ak goumen pou chanjman vre. Ou se yon blofe ki tap fe manev pou jwenn gwo privilej nan leta sou do mas pep la.
Kplim fè mwatye lavi Li ap fè richès nan kraze Peyi a. Fwa Sa fok ayiti Pran yon souf ak neg Sa. Se tou pa Ayiti poul kraze Kplim.
— Sir Monestime, JD (@SirMonestime) June 13, 2016
Mwen gen lone poum pa menm diw orevwa paske ou pa merite sa.
Si au moins, il n'y avait pas de preuves de détournemnts de fonds contre @EvansPaul55, il aurait gardé une certaine crédibilité... #vilain!
— Chantal M. Elie (@chantalmelie) June 13, 2016
Quand un bonhomme accusé de détournement de fonds publics essayent de faire la loi... L'arrogance de malfrats!!! pic.twitter.com/2hMrXeKMtU
— Chantal M. Elie (@chantalmelie) June 13, 2016